Vizyon Pati Pèp Ayisyen an se bati yon Ayiti kote pèp la pa sèlman egziste, men li gen pouvwa reyèl sou avni li.
Yon peyi kote jistis pa negosyab, kote opòtinite pa rezève pou yon minorite, epi kote chak sitwayen ka viv ak diyite.
Nou vize yon sosyete ki stab, pwodiktif e ki kwè nan tèt ansanm, kote desizyon yo pran nan enterè kolektif, epi kote Leta sèvi pèp la tout bon.
Ayiti nou vle a se yon Ayiti kote espwa pa yon ilizyon, men yon reyalite chak jou.
Yon lòt Ayiti posib. Se ansanm pou nou bati li.